|
|
|
|
|
|
Lavi se yon nechèl chaje ak kaka
poul
Chak baro
badijonnen rive jouk nan kou l
Sou chak
baro yon moun mete pye l, li pantan
Lè
l reyalize sa, li te gentan fin pran
Ou ka
wè Lavi kòm on pantalon san fouk
Lè
w ap kalkile kèk sitiyasyon malouk
Chak grenn
moun fè esperyans pa yo nan Lavi,
Bagay ki
pou ta fè w kriye men dèfwa w ri
Gen moun
ki wè Lavi tankou yon gwo lekòl,
Yon
linivè kote chak elèv jwe yon wòl
Yon
vrè lekòl kote youn aprann nan men lòt
Se
sèl vrè lekòl ki pa genyen elèv sòt
Lavi se
yon gwo liv tankou yon diksyonè
Ki defini
prèske tout mo ki sou latè
Nou menm,
elèv k ap sèvi tanzantan avè l,
Se
tanzantan n ap wè sekrè k kache dèyè l.
(E. W.
VEDRINE)
|
|