![]() |
![]() |
|
|
Marche contre l’implantation du JatrophaLe vendredi 16 octobre, journée mondiale pour la
souveraineté alimentaire, une importante marche de 500 délégués paysans venant
de toutes les régions du pays s’est déroulée dans les rues de Port-au-Prince.
Cette marche s’est achevée par la remise aux Parlementaires haïtiens d’une
importante déclaration contre l’implantation des agrocombustibles qui menace la
production de l’alimentation. Les manifestants ont
également remis une pétition signé par 30.000 personnes qui se prononcent
contre l’implantation de l’agrocarburant dans le pays. La coalition mobilisante
contre le Jatropha déclare entre autres que plusieures études ont démontré que
l’implantation est seulement rentable si la plante est planté dans des terres
fertiles, menaçant ainsi la production alimentaire. ![]() KONFERANS PRÈS
4 G KONTRE AK PATNÈ LI YO NAN LIT POU KONBAT PWODIKSYON AGWOKABIRAN AK PLEDWAYE
POU SOUVRENNTE ALIMANTÈ.
16
Oktòb 2009 Se
nan Kongrè 35yèm anivèsè MPP a, aprè analiz delege MPP , MPNKP, Tèt Kole, KROS,
RENASA ak anpil lòt envite te fè sou zafè souvrennte alimantè, agrikilti
peyizan ak anviwònman an ; aprè enfòmasyon ki te bay sou reyinyon prezidan
Bush te fè le 26 mas 2007 ak direktè 3 pi gwo konpayi otomobil yo Ozetazini :
General Motors, Ford Motors ak Chrysler koteli mande yo ogmante kantite machin
ki sèvi ak agwo kabiran alòske te déjà ggenyen plis pase 6 milyon. Apre
li te envite prezidan Brezil la Luis Inacio Lula Dasilva pou pale sou pwojè a,
li envite prezidan Rene Preval pou mande li pote kole nan pwojè sa lipral mete
kanpe nan rejyon Karayib la. Yon pwojè ki pral bon pou peyi li. Li dwe pote
kole ak peyi Brezil ki gen eksperyans nan zafè sa. San fè gwo bri sou sa,
Prezidan Preval rantre epi li kòmanse travay sou dosye a. Li ankouraje majistra
yo pou pouse pwodiksyon jatrofa nan komin yo nan yon reyinyon nan Palè a. Pawòl
la pran lari nan peyi Dayiti, gen pwomotè ki leve kanpe pou fè lide Bush la
tounen reyalite paske se yon zafè 500 milya dola ki disponib pou pwodiksyon
agwo kabiran nan BID. Pawòl la pale nan nouvèlis nan nimewo ki soti nan dat 25
Oktòb sou tit : Biocarburants planche de salut pour Haïti ? Se nan
nimewo sa, yo prezante yon fondasyon ki rele Fondasyon Jatrofa. Moun kap dirije
fondasyon sa se yon ameriken ki rele Warren Jackman kòm prezidan, Johanna
mandelson Forman, pwomotè ameriken pwojè a, Mike Lu prezidan asosyasyon
brezilyen jatrofa ou gwo mestiyen. Genyen non yon ayisyen ki rele Pierre
Brisson ki figire nan lis manb fondasyon an. Jedi
25 Oktòb 2007 te gen gwoup envestisè entènasyonal ki te reyini nan Otèl Montana
ak palmantè, manb gouvènman, manb sektè prive. Koze a tap pale nan anpil
radyo. Nou te tande kritik sou deklarayon nou te fè kont jatrofa. Yo di se
paske nou pa gen enfòmasyon sou yon bon bagay konsa kap vin wete peyizan nan
mizè. Nou raple bagay sa yo pou noukapab konprann kote pwojè sa soti ak ki
objektif li. Orijin pwojè sa montre klè se yon zafè biznis, se yon
zafè gwo zotobre kap chèche kote pou envesti gwo lajan pou kapab fè gwo kòb. Se
yon zafè agwobiznis ki pa gen anyen pou wè ak ede peyizan soti nan mizè. Nan mwa Jen an, genyen yon gwo rankont ki fèt nan
Pòtoprens ak tout gwoup ki déjà angaje nan zafè lantasyon jatrofa nan peyi a.
Yo fè konnen jatrofa pral pwoteje anviwònman, jatrofa pral fè peyizan fè kòb. Jatrofa pral fè
no pa depanse lajan pou gaz. Jatrofa
pral pèmèt nou fè savon. Epi sa ki pi bèl la, jatrofa pa bezwen bon tè pou li
pouse. Moun nan ministè agrikilti pale de tè majinal. Tout bagay sa yo, ou
prèske tout se manti, se blòf. Yon
gwoup peyizan te vin fè yon siting devan Otèl la pou di atansyon. Depi kilè
koukou te renmen frize konsa pou li fè pitit li, li rele l Frizelia ? A la
renmen kapitalis ameriken yo renmen peyizan ayisyen ? Pouku sa se konnya
yo renmen yo konsa ? se yon seri kesyon ki dwe poze. Selon
tout etid ki fèt sou jatrofa nan peyi afriken yo, nan peyi Azi yo, jatrofa se
yon katastròf pou peyizan yo, katastròf pou anviwònman an, katastròf pou
envestisè ki te konprann jatrofa tapral bay randman nan tè pòv. Se vre, jatrofa
pouse nan tè pòv men li pa bay lwil. Randman an prèske nil. Gen gwo sant
rechèch peyi Angletè, peyi Oland ki montre sa klè. Nan peyi End, yo kòmanse
abandone yon seri plantasyon paske yo pa rantab. Se menm bagay nan peyi Mali ak
lòt ankò. Nan end gen konpayi kap chèche envestisè. Pi
gwo manti a pou Ayiti se zafè se nan vye tè yo pral pwodwi jatrofa. Dominiken
antre plante nan tè Wouze nan Sèka Lasous. Nan Plato Santral, nan Marmon
ak Tomond kote ki gen bon tè, jatrofa kòmanse antre. Nan Nò, nan Nòdès,
nan Nòdwès plantasyon kòmanse. Yo tout se nan bon tè. Men bon tè pa sifi,
jatrofa bezwen anpil dlo. Inivèsite
Twente nan peyi Oland, fè yon rechèch sou kantite dlo ki antre nan pwodiksyon
agwo kabiran, chèchè yo dekouvri : Pwojè
pwodiksyon agwo kabiran an se yon pwojè konplètman fou onivo mondyal paske
Etazini sèlman, pou li atenn objektif li pou 2022, ta bezwen 136 milya lit swa
35 milya galon agwokabiran. Selon kalkil Fidel Castro fè apre Prezidan Bush te
mete pwojè li a deyò, pwojè sa, si li ta reyalize tap yon jenosid pou plis pase
3 milya moun sou tè a. Reyèlman
vre, sa ta yon jenosid pou tout klas peyizan yo sou tout planèt la lè nou
kalkile nan meyè kondisyon posib, yon ekta tè kapab pwodwi ant 1000 ak 2000 lit
lwil jatrofa swa ant 264.55 galon ak 529. Gen etid ki bay Mali pwodwi anviron
600 lit/ekta. Si nou baze sou chif sa, tout tè Ayiti ta pwodwi 436,507’500
galon pa ane. Nan ka sa pa tap gen ni vil, ni wout, ni kay sou tèritwa a. Ki sa
ti gout lwil jatrofa sa ta reprezante nan 35 milya galon pou yon sèl peyi ? Pou
Ayiti se yon pwojè lanmò peyi a kareman. Nou pa gen ni tè ni dlo pou pote yon
pwojè konsa. Se yon pwojè kap detri klas peyizan an, kap fini nèt an anviwònman
peyi a, kap fini nèt ak pwodiksyon manje, kap fè nou pi restavèk. Li inakseptab
tou senpleman, kareman. Nan
peyi Brezil déjà genyen 30 milyon ekta tè nan men etranje. Pou satisfè 5% nan
demand mondyal la, Brezil ta vle mete 100 milyon ekta anba plantasyon. Yon gwo
danje pou tout planèt la, lè nou konnen amazòn se poumon planèt la. Lide
peyi rich yo pou ta ranplase petwòl ak agwo kabiran an, non sèlman li fou men
li ireyalizab paske sa ta pran tout tè agrikòl ki genyen sou planèt la. Li tap
konsome tout dlo dous ki genyen sou tè a. Pwodiksyon
agwokabiran antre an konpetisyon dirèk ak pwodiksyon manje. Tout gwo
enstitisyon entènasyonal yo tankou FAO, FMI, Bank Mondyal rekonèt wòl agwo
kabiran jwen nan kriz alimantè ki te frape lemond an 2008 la. Gen
yon konpayi nan Miami ki rele Haitian American Agro industries ki di li déjà
genyen 21 mil ekta an Ayiti. Li di li deja plante 100 ekta. Se kòmansman
ladoulè. Se kòmansman pwojè lanmò a. Yon pwojè peyizan ayisyen pa kapab aksepte
bra kwaze. Ant
2004 ak 2007, onivo entènasyonal genyen 4.5 milyon ekta ki tonbe anba agwo
kabiran. An 2004 sèlman, genyen 2 500 000 ekta ki tonbe anba plantasyon pou
agwo kabiran nan peyi Etiopi, Gana, Madagaska, Soudan ak Mali. Nan
peyi Kolonbi ki tou pre nou la a, ant 2001 ak 2005, yo chase 263 000 fanmiy sou
2 600 000 ekta. Se pratikman gwosè Ayiti. Gen
yon seri gwo peyi ki gen anpil tè tankou Brezil, End, Indonezi ki gen pwojè
plantasyon. Yap chase anpil peyizan. Se yon ofansiv mondyal kont planèt tè a. Se yon
pwojè aloufa miltinasyonal agwobiznis yo genyen pou milya sou milya nan
agwokabiran olye yo envesti nan rechèch pou jwenn mòd enèji kid we ranplase
petwòl. Se
vre yap fè anpil milya men remèd la ap touye malad la. Se pou sa òganizasyon
peyizan yo onivo mondyal di non a pwojè lanmò sa. An
Ayiti, nou menm òganizasyon yo ki siyen petisyon an, sonnen lanbi rasanbleman,
frape tanbou pou atire atansyon nasyon an sou pwojè lanmò sa. Petisyon an, se
yon pa nan petèt 100 pa nou gen pou fè. Premye
gwo travay la, travay ki pi enpòtan an se yon travay edikasyon. Edikasyon
peyizan yo, edikasyon mas popilè, sansibilizasyon tout sosyete a pou tout moun
pran konsyans sou nesesite bare pwojè lanmò sa pou peyizan yo, pou tout moun. ![]() Let pou Palmen an
Pòtoprens 16 Oktòb 2009 Doktè Kelly Bastien Prezidan
Sena Ayisyen an Mesye
Levaillant Louisjeune Prezidan chanm Depite a, Nou menm òganizasyon yo ki siyen lèt sa, nou
salye nou nan non Patri a zansèt nou yo te bay san yo pou yo te kapab kreye li
pou nou. Yo te bay san yo pou ban nou yon Ayiti lib ak endepandan. Lonnè respè pou yo ! Jounen
jodya, peyi zansèt yo te kite pou nou an pèdi souvrennte li sou tout fòm. Nou
anba okipasyon etranje, nou pèdi dwa grandèt majè nou sou plan politik,
ekonomik, sosyal ak kiltirèl. Nan zafè manje, nou tounen restavèk nèt ak pwodwi
pèpè kap taye banda nan plenn tankou nan mòn. Sitiyasyon
sa, se konsekans yon Leta ki pa bay peyizan yo ankadreman ki nesesè pou yo
kapab pwodwi, se konsekans aplikasyon politik neyoliberal la ki louvri baryè
peyi a bay peyi rich yo pou vin touye pwodiksyon agrikòl nasyonal la. Jounen
jodya, se apèn si Ayiti pwodwi 40 % nan manje popilasyon an bezwen pou viv. Nou
prèske pa pwodwi anyen pou ekspòte ankò tankou kafe, kakao elatriye. Ayiti
se yon ti peyi toupiti ak 27 750 km2. Plis pase mwatye nan tè peyi a deja
tounen zokokolo ki pa kapab pwodwi anyen. Nou genyen mwens pase 2% kouvèti
vejetal. Plis pase 75% moun kap viv lavil yo genyen chabon kòm sous enèji pou
fè manje. Peyizan blije koupe pye bwa pou yo viv epi pèmèt moun lavil yo viv.
Dò mòn yo kale nèt. Sa lakòz siklòn ak inondasyon toujou fè anpil dega. Leta pa
gen okenn pwogram serye pou sove anviwònman peyi a. Peyizan
yo ap travay sou ti mouchwa tè paske majorite eksplwatasyon agrikòl yo pa rive
nan yon ekta tè. Genyen anpil peyizan ki pa gen yon ti kras tè ditou. Majorite
peyizan yo pa gen okenn sekirite sou tè yap travay yo akòz tit pwopriyete yo pa
genyen oubyen ki frajil. Yap travay nan ensekirite. Nan
dènye tan yo, genyen yon ofansiv dyabolik miltinasyonal agwo biznis yo ak
gouvènman peyi rich yo pou fè dappiyanp sou tè nan peyi Afrik yo, Azi ak Amerik
latin lan pou pwodwi agwo kabiran. Yo itilize 2 pretèks : Konbat chanjman
klimatik ak diminye konsomasyon petwòl, yon pwodwi ki pap pran twò lontan pou
disparèt si peyi rich yo kontinye gaspiyaj resous planèt la jan yap fè sa
jodya, si yo konsome jan yap konsome jodya. Miltinasyonal
yo, gouvènman peyi rich yo ak gouvènman kèk peyi yo rele peyi emèjan yo ap
chèche akapare tout tè yo kapab pou pwodwi ’manje’ pou machin alòske moun ki
grangou yo sou planèt tè a, pa janm sispann ogmante malgre objektif milinè yo
ki te prevwa yon diminisyon moun grangou ap touye sou planèt la. Jounen jodya,
kantite moun ki anba grangou yo soti nan 840 milyon FAO te bay anvan kriz yo
rele kriz alimantè a pou rive nan plis pase yon milya jounen jodya. Yonn
nan kòz grangou a, tout gwo enstitisyon entènasyonal yo blije rekonèt, se
itilizasyon manje moun kapab manje pou pwodwi agwokabiran. Konnya, tè ki te
konn pwodwi manje yo ap tonbe anba plantasyon pye bwa ki kapab pwodwi
agwodiezèl tankou jatrofa yo rele gwo mestiyen an Ayiti, tankou palmis afriken. Prezidan
Bush, yonn nan gwo pwomotè agwo kabiran akòz estrateji li genyen pou Etazini
bese konsomasyon petwòl lakay li de 20% nan 10 ane kap vini yo, monte yon plan
pou pwodwi agwokabiran nan kontinan an. Yonn nan peyi li chwazi pou sa, se
Ayiti. Li te envite Prezidan Loula ak Prezidan Preval pou pale sou pwojè sa yo
dwe travay sou li ansanm. Apre sa, gen Fondasyon jatrofa ki kreye ak bizismann
Ameriken, Brezilyen ak Ayisyen. Ofansiv
pou mete Ayiti anba plantasyon jatrofa déjà kòmanse. Lap vale teren. Anpil bon tè kòmanse tonbe anba plantasyon. Se yon
gwo konplo entènasyonal ki kòmanse aplike nan peyi a. Koze a ap pale pi fò chak
jou. Gen gwo kapitalis, gen gwo bank ki vle envesti nan agwo kabiran nan peyi
a. Pwodiksyon agwokabiran an Ayiti, se yonn nan objektif Bill Klintonn ak
prezidan Bank Entèameriken kit e vini ak yon gwoup bizismann nan peyi a. Moun
kap tronpe moun ak moun ki pa konnen ap di se sou tè majinal jatrofa pouse,
jatrofa pral retire peyizan yo nan mizè, jatrofa pral pwoteje anviwònman,
jatrofa pral ranplase petwòl, yo di se yon plant mirak. Nap di palmantè yo,
tout koze sa yo se gwo manti, se gwo blòf. Gen anpil etid syantifik ki
montre : Anplis
pwoblèm sa yo, sa ki grav pase aksan grav la, jatrofa pral fè peyizan yo tounen
esklav nan plantasyon tankou nan tan lakoloni. Yo pral pran tè yo ak fo pwomès
nan yon premye tan, ak fòs nan yon dezyèm tan jan sa fèt nan peyi tankou
kolonbi. Nou
menm òganizasyon yo ki siyen lèt sa, nou pote yon petisyon ki deja ramase plis
pase 30 000 siyati ki montre klè ki moun ki siyen paske gen siyati ou anprent
chak moun. Genyen nimewo Kat Idantite nayonal siyatè yo, seksyon kominal, komin
ak depatman kote moun yo ye. Nou vin depoze petisyon sa nan Palman an pou mande
palmantè yo : Nou
konte sou kolaborasyon palman ayisyen an pou bare pwojè lanmò sa. Yon pwojè ki
pral lage peyizan nan si yo te konnen. Men si m te konnen toujou twò ta. Nou
di aba jatrofa sou tè peyi Dayiti ! Nou di aba miltinasyonal kap kraze
agrikilti peyizan yo, nou di aba miltinasyonal yo kap detri planèt la ! Nou
di fòk grangou kaba nan peyi a, se peyizan malere yo, se òganizasyon peyizan yo
ki kapab fè grangou disparèt. Se agrikilti peyizan yo ki kapab kaba grangou
tout bon, yon fason dirab. Nou
menm òganizasyon peyizan yo, nou envite tout sektè nan lavi nasyonal la vin
pote kole ak nou nan defans tè peyi Dayiti, nan defans agrikilti peyizan yo,
nan defans anviwònman an, nan devans dwa grandèt majè peyi Dayiti an jeneral,
nan dwa souvrennte alimantè an patikilye. Nou
di viv refòm agrè ! viv souvrennte alimantè ! Viv Agrikilti
Peyizan ! Viv tout ayisyen kap pote kole ak peyizan yo pou sove tèritwa
peyi a anba grif malfini tout plim tout plimay. Nap globalize lit la, nap globalize solidarite
nou, nap globalize esperans nou nan yon Ayiti gran moun. Òganizasyon ki siyen petisyon an se : Mouvman Peyizan Papay ( MPP) Tèt Kole ti
Peyizan Ayisyen (TK), Kòdinasyon Rejyonal Òganizasyon Sidès (KROS), Rezo
Nasyonal Ayisyen pou Sekrite ak Souvrennte Alimantè (RENASA) Mouvman Peyizan
Nayonal Kongrè Papay ( MPNKP), Konfederasyon Nasyonal Fanm Peyizan yo (
KONAFAP) Enstitisyon
kap sipòte lit la se : Aksyon Aid, PAPDA, ICKL, FONDAMA, LA VÍA CAMPESINA
entènasyonal. |
|