pyepimanla





accueil
Accueil actualites
Actualités forum
Forum annonces
Annonces archives
Archives

KOUMBIT LINYON

espwa

Edner saint-amour


Ayiti va yon fanm siro
lè katpwenkadino
fè yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm.

2


Ayiti va fanm banda
lès id ak nò bay lebwa
fè yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm.

3


Ayiti va fanm zidòl
lè louès ak lès kole zèpòl
fè yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm


4

Ayiti va yon bèl nègès
nan akolad sid ak lès
fè yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm.


5

Ayiti va fanm Nago
lè sid ak lwès an feso
fè yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm.

6

Ayiti va yon fanm lejann
lè nò ak lès nan yon sèl manm
fè yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm

7

Ayiti va yon fanm siro
lè katpwenkadino
fè yon ansanm tèt ansanm
koudjay linyon konpa djanm.