pyepimanla



accueil
Accueil actualites
Actualités forum
Forum annonces
Annonces archives
Archives


haiti

Tikoze santiman

Yo ekri gwo liv filozofi yo
pale koze grandèt doubsoudoub
gwo koze gradoub moun save
pou lavironndede ladetant lespri

2

Mwen ekri ti liv pwezi mwen
mwen di tout sa mwen santi
nan zantray mwen
nan nannan mwen

3

Mwen ekri ti liv pwezi mwen
mwen di tout sa mwen santi
nan trip mwen
nan nanm mwen

4

Mwen ekri ti liv pwezi mwen
mwen di tout sa mwen santi
nan fon kè mwen
nan tout kò mwen

5

Lodè grenn kafe kap mi
lodè pyemango kap fleri
lodè flèdizè kap louvri
lodè pafen sou jenn demwazèl

6

Lodè chodyè tchaka kap bouyi
lodè kwenn kochon nan pwa kongo
lodè mayi vèt kap boukannen
lodè piman vèt nan sòs kalalou kongo

Edner saint Amour

20/06/06