|
 |
|
|
ANALIZ
SOSYOLOJIK MIZIK

Si nou konsidere mizik nan yon lojik pwofi, donk kapitalis, nous kapab
di mizik
konpa kòm anpil lòt mizik se yon machandiz. Si li se yon
machandiz, alòs genyen
:
1) Yon mache, ki se nayklib yo
2) yon pwodiktè(vendè) ki se djaz yo
3) yon konsomatè(achtè) ki se piblik la ou fanatik yo
4) yon pri ki bay dwa rantre nan nayklib la.
Kouman sa deroule
Yon gwoup moun òganize yon bal. Moun achte tikè. Li antre
nan nayklib la.
Mizisyen djaz la tonbe jwe mizik. Fanatik yo tonbe danse. Kavalye peze
dam kon
taso. Tout moun nan trans. Tout moun bliye bil elektrisite, bil
telefòn, bil
chofaj, bil lwaye, bil asirans, bliye chagren, bliye travay, bliye
estrès.
Kouman sa rive fèt
1) Mizik se yon son agreyab, ki dous nan zòrèy
2) nan mizik yo itilize mo pou voye mesaj
3) mizik jwe sou yon rit ak yon kadans ki kadre avèk yon dans
moun envante
4) mizik ale chèche sans moun yo, emosyon moun yo, kòd
trip moun yo.
Anbyans la, dousè mizik la ak mesaj ki nan mizik la,
transfòme li nan yon chan
estimili ki ajite emosyon moun yo. Plis anbyans bon, plis mizik la
dous, plis
dansè yo konn danse, plis fanatik yo gen tandans anpòte
tonbe plogue, peze,
plake.
Mizisyen djaz la pran lajan foure nan pòch li pou regle
zafè li, moun yo menm
tonbe danse byen danse, plogue, peze, plake. Mizisyen yo ramase lajan,
fanatik
yo satisfè santiman yo. La nou kapab wè byen klè
ke mizik konpa kòm anpil lòt
mizik, se yon echanj santiman kont lajan. Miziyen yo voye mizik.
Fanatik yo
kapte li sou fòm dans.
Jan nou kapab remake sa, mizik konpa antre danble nan lojik kapitalis
la. Sa
vle di mizik konpa se yon machandiz yo vann nan nayklib kote fanatik yo
achte.
Sansasyon
ak santiman
Sanasyon ak santiman, toude se yon emosyon. Men gen diferans antre yo.
Sansasyon
Sansasyon se yon Emosyon espontane. Depi nou di sansasyon nou wè
senk sans yo.
Kidonk : je, zòrèy, nen, gou, touche. Sans nou kapte yon
estimili, yon mesaj ki
brase emosyon nou. Emosyon kapab yon : entèjeksyon, yon sipriz,
kri, plenyen.
Santiman
Sansasyon chita nan sans, santiman chita nan kè. Santiman gent
ti kras rapò ak
sikoloji. Santiman se souvni yon emosyon, osinon se manyè moun
viv yon emosyon.
Santiman se efè emosyon pwodui nan sikoloji moun nan. Santiman
kapab se :
tristès, jwa, chagren, melankoli, nostalji, pè,
trankilite, rankè, lahenn. Lè
yon moun resevwa yon nouvèl lanmò, li kapab telman
souprann li rive menm
endispoze. Sa se emosyon sans kap travay. Men si emosyon sa a
pèsiste,
kontinye, li kapab transfòme li an santiman lapenn, chagren kap
manje kè moun
nan.
Santiman se yon emosyon moun donte, kiltive nan tan. sansasyon se yon
bagay
espontane, santiman se yon emosyon long, kontini. Lè yon nonm
wè yon fanm ki
bèl, bote fanm nan kapab atire atansyon li, ale chèche
emosyon sans li. Misye di wawww ! ala
yon bèl fanm
papa. Misye kapab menm rive bande. Tout sa se sans kap travay.
Lè yon nonm ap
peze ak yon fanm nan yon bal se sans li kap travay, se pa santiman. Men
si
sansasyon kontinye, sansasyon kapab konvèti an souvni. Se
lè sa a nou kapab
pale de santiman. Souvni bote fanm nan osinon souvni bal la
pèsiste nan lespri
nonm nan li kapab transfòme an santiman. Lè sa a misye
kapab ap dòmi, li reve
fanm nan. La se santiman kap pale, kap travay.
Kòm nou kapab wè li, sansasyon se yon emosyon espontane.
Kise yon agreman
osinon yon dezagreman. Yon estimili osinon yon mesaj ki agreyab ou
dezagreyab,
ki dous ou pike. sansasyon se yon jwèt sansyèl, plis
byolojik, òganik. Alòs ke
santiman se yon emosyon long, kontini, ki genyen yon ti istwa entim.
Santiman
se prolonjman yon sansasyon espontane. Santiman se rezilta
mannyè moun viv yon
emosyon sans espontane osinon se istwa yon emosyon espontane. Kansa
santiman
parèt plis sikolojik, gen rapò avèk yon pase
lwenten ou resan.
Remak : santiman kapab tou manifeste nan sansasyon. Le yon nonm ap
karese yon
fanm li renmen, ap fè sèks avèk avèk fanm
sa a, se sans li kap travay. Kidonk
santiman manifeste nan jwèt sans tou. Men jwèt sans pa
toujou vle di santiman
paske yon nonm andwa fè seks ak yon fanm san li pa renmen li.
Fanm jis estimile
sans gason ki mete emosyon espontane li an aksyon. Lè fini tou,
tout santiman
gen rapò ak sikoloji ki genyen yon ti bout istwa.
REMAK 2: Mizik, se yon zèv kreyasyon li ye. Mizisyen kap jwe
mizik mobilize
lespri yo pouf è mizik . Kreyasyon lespri sa a ale
chèchè sans moun.
Edner saint Amour
|
|