Deblozay
Edner saint Amour
Yon
boujwa ak yon grandon
Te rankontre chita pale
Pawòl te gaye ap fè tiyon
Vwazen menm te vin tande.
Boujwa la rele Baka
Grandon an rele Zaka
Baka
Monchè, mwen pa janm nan rans
Fè wou konnen gen diferans
Pentad ak ramye se de volay
Men y opa gen menm plimay
Zaka
Se pou di wou menm se yon ras
Ki soti lwen sou planèt mas
Kouman wou vle pou nou gen menm plim
Nou pa gen menm rasin, menm orijin
Baka
Wou pale tankou mal chen ki gen raj
Konnen byen nou pa gen menm langaj
Menmsi nou ta pale tout lajounen
Mwen pap janm rive konprann anyen
Zaka
Mwen di wou se yon lòt ras
Ki soti lwen sou planèt mas
Si pawòl te konn tounen loray
Pou nou ta rive gen menm langaj
Baka
Dwa pawòl pou tout arivisgrandan
Wou mèt pale pou bay djòl van
Mwen genyen zafè m pou regle
Mwen pa ka chita pale ranse
Zaka
Se wou menm ki louvri bwat pawòl
Tankou yon aktè kape jwe wòl
Si se te pou mwen wou tap rete djòl fèmen
Mwen pa janm foure bouch nan sa kip a gade mwen
Baka
Monchè ou genyen yon bon gagann
Poukisa wou pale de chante nan bann
Gen bann madigra, gen bann rara
Nan de bann yo wa fè yon chwa
Zaka
Konsa grenn je w pa ta gen plas
Jan li ta danse kon lalin mwa mas
Bann rara bann madigra se atirans
Pou tout zòt moun ki renmen anbyans
Baka
Si yo te konn vann pawòl nan mache byen chè
Anverite Bondye sanble wou tap milyonè.
Pou chak minit bouch ou an mouvman
Se yon moulen vapè, yon moulen van
Zaka
Si mwen menm ta rive milyonè
Ou menm menm ta rive milyadè
Bon pwofi avantay bab nan moustach
Se sèlman se pou Baka san tach
Baka
Tout moun nan rekreyasyon ap amize yo
Lè yo sonnen tout a rante nan klas pa yo
Diferans se yon reyalite kip a nan manti
Konsa ya distengue pijon ak malfini
Zaka
Lè malfini plonje se toujou reprezay
Lè li pa jwenn ti poul li pran pay
Pijon se yon zwazo kip a gen gran gòj
Lè li poze se pou antre andedan kalòj
Baka
Sispann kodase kon poul ki fin ponn ze
Ala ou genyen enèji pou gaspiye
Bon, Zaka, toutan wap plede pale
Di mwen konbyen lajan wou touche
Zaka
Nou te mèt fè san tan chita pale
Guita nou pap janm rive akòde
Pou anpeche gagann deblozay
Pito mwen deplase di wou babay