|
 |
|
|
Pwofitokrasi

Nouvo konsèp pou
pale sou nouvo reyalite kap vale teren.
Reyalite 1
Kòm kanmarad la te di: chak tan pou chak choz. Sa vle di
limanite kon lasyete
pa rete anplas, li gen mouvman. Dekouvèt lamerik te fè
gen lesklavaj nwa kote
blan eropeyen se te mèt ki tap koumande. Twa rezon majè
te eksplike sa :
1) Siperyorite mwayen pwodiksyon blan te genyen sou nwa
2) Kwayans nan siperyorite rasyal, blan siperyè nwa
3) Peyi afriken yon te blonjè nan guè sivil, yonn tap
dechire lòt, yo tap viv
chen manje chen. Divizyon fè zafè mouche blan konsa mesye
blan tou pwofite
antre nan jwèt la.
Reyalite 2
Avèk endistriyalizasyon ki te libere kapitalis ak kwayans nan
demokrasi (libète,
egalite, fratènite), se konsa lesklavaj te vin aboli. Sèl
pèp ayisyen ki te fè laguè pou te vin gen
lendepandans. Sa te rive fèt sitou paske endistriyalizasyon te
vin pi rentab,
te bay plis pwofi ke lesklavaj. Demokrasi te jwe yon gran wòl
tou nan
liberasyon sa a paske moun yo te kwè nan potansyalite tout ras,
kwè nan egalite
chans ki te ranplase ansyen rejim nan ki te chita san. Rasanble miltipliye
byen richès ak echanj
entènasyonal te rann tout sa posib.
Reyalite 3
Endistriyalizasyon te fè gen ibanizasyon. Ibanizasyon menm te
bay masifikasyon
sosyete. Kòm rejim kominis te tonbe, kapitalis vin ap fonksyone
san presyon,
san konpetisyon, san advèsè. Kòm mache travay la
vin yon ti jan satire, yo
bliye tout pwojè sosyal kit te konn favorize pwomosyon asansyon
moun yon an
sosyete ya. Se konsa klas moyèn nan kit e prèv tanjib
mobilite sosyal vin tonbe
plat atè. Se konsa vin rete sèlman de klas : yon klas
grandèt ki gen anpil
lajan(milyonè), ak yon klas Sòyèt ki gen ladan li
mas pèp la. Zafè pwomosyon
sosyal pou pòv fini, se kesyon pwofi ki bouch tout dirijan
sosyete yo ak
kontwòl mas pèp.
Reyalite 4
Kwayans nan pwofi siyi pouvwa chita nan pwofi. Se pwofi ki bay pouvwa.
Tan
demokrasi kote se pèp ki bay pouvwa fini. Koulyeya vox pwofiti,
vox dei. Tan ki
mache avèk lespri pwofi ya, nou ta ka rele li, milyonaris paske
richès ki chita
sèlman nan men milyonè ki gen kontwòl sou
konsamasyon mas pèp la.
Reyalite5
Se pou sa nou blije envante konsèp ``pwofitpokrasi`` pou pale
sou nouvèl
reyalite sa a kap vale teren. Pwofitokrasi vle di tou ekonomi-politik
la chita
sèlman sou pwofi. Yo pa bezwen pèp ankò pou bay
pouvwa. Demokrasi se pawòl
antik. Kòm pwofitè yo fè richès tounen
pwogram ki kontwole mas pèp la, yo
itilize anpil ajan kontwòl pou rann kontwòl la pi efikas.
Nan ajan kontwòl nou
kapab jwenn : Leta, lapolis, lajistis, lekòl, legliz,
òganizasyon bi likratif.
Tout se restavèk, tchoul tisousou maryonèt gran
pwofitè yo.
Reyalite6
Nan pwofitokrasi moun pa bay moun. Pwofitè manje krase vale tout
zo. Menm z opa
rete pou chen jwenn. Sa ki pi règ si Sòyèt, gen
yon byen richès nan men li,
Grandèt pwofitè ap ba wou yon pakala, pou li pran tout.
Se yon jwèt lespri kap
jwe. Se rena ki nan pouvwa.
Pwofitokrasi
Sosyete antrave
Tout moun tèt mare
Koulyeya se yon kesyon pwofi
Aktyalite nan tout kwen lari
Yon barank divizyon
Yon montay eksklizyon
Sosyete kay zetaj
San pòt san pasaj.
Yon gwoup rele òf
Yon bann rele demand
Yon gwoup rele pwodiktè
Yon bann rele konsomatè
Yon gwoup rele vandè
Yon group rele achtè
Konsa sa ki rich vin pi rich
Sa ki pòv vin pi pòv
Koulyeya se yon kesyon pwofi
Yon rèy yo rele pwofitokrasi
Pwofitokrasi
Mezanmi demokrasi
Tounen pwofitokrasi
Pwomosyon se pou Grandèt
Opresyon se pou Sòyèt
Mezanmi demokrasi
Tounen pwofitokrasi
pozisyon se pou Grandèt
represyon se pou Sòyèt
Mezanmi demokrasi
Tounen pwofitokrasi
desizyon se pou Grandèt
depresyon se pou Sòyèt
Mezanmi demokrasi
Tounen pwofitokrasi
Pwodiksyon se pou Grandèt
konsomasyon se pou Sòyèt
Mezanmi demokrasi
Tounen pwofitokrasi
Privilèt se pou Grandèt
Ekklizyon se pou Sòyèt
Rich vin pi rich, zafè Grandèt
Pòv vin pi pòv, zafè Sòyèt
Grandèt pran avyon monte anro
Sòyèt pran parachit desann anba.
Edner saint Amour
|
|