RÈV

Viv nan rèv
Abiye lespri
Viv nan mit
Abiye nanm
Reyalite ap pase devan je
Yo pa wè klè, yo pèdi nan rèv
Abiye lespri
Abiye nanm
Lavi ap pase devan je
Yo pa wè klè, yo pèdi nan rèv
Abiye lespri
Abiye nanm
Verite ap pase devan je
Yo pa wè klè, yo pèdi nan rèv
Abiye lespri
Abiye nanm
Fè ap pase devan je
Yo pa wè klè, yo pèdi nan rèv
Abiye lespri
Abiye nanm
Yo pèdi sou rout enteryè andedan
Nan chèche rèv, chèche entansyon
Abiye lespri
Abiye nanm
Map fout rele
Tout bagay tounen machandiz
Konsa pwofi se sèl deviz,
Pwofi monte sou pwofi
Se sa yo rele kapitalis
Pwofi nan pòch grandèt
Pwofi se pa pou Sòyèt
Kategori diskriminasyon sosyal
Byen vin pi byen, mal vin pi mal
Sosyete kapitalis la divize
Gen dominan gen domine
Dominan se kategori aktik grandèt
Domine se kategori pasif Sòyèt
Gwoup aktif Grandèt ranmase lajan
Gwoup pasif Sòyèt ap vale van
Kategori diskriminasyon sosyal
Byen vin pi byen, mal vin pi mal
Grandèt gen mekanis kontwòl
Pou fè Sòyèt jwe tout vye wòl
Grandèt kontwole Sòyèt nan mouvman
Grandèt kontwole Sòyèt nan tout jan
Bezwen pa Grandèt
Toufe bezwen Sòyèt
Fout rele tonnèkraze
Fout rele koulangèt
Bezwen pa Grandèt
Toufe bezwen Sòyèt
Fout rele tonnèkraze
Fout rele koulangèt
Bezwen pa Grandèt
Toufe bezwen Sòyèt
Fout rele tonnèkraze
Fout rele koulangèt
Bezwen pa Grandèt
Toufe rèv Sòyèt
Fout rele tonnèkraze
Fout rele koulangèt
Bezwen pa Grandèt
Toufe aspirasyon Sòyèt
Fout rele tonnèkraze
Fout rele koulangèt
Bezwen pa Grandèt
Toufe ideyal Sòyèt
Fout rele tonnèkraze
Fout rele koulangèt
Bezwen pa Grandèt
Toufe anbisyon Sòyèt
Fout rele tonnèkraze
Fout rele koulangèt
Bezwen pa Grandèt
Toufe bi Sòyèt
Fout rele tonnèkraze
Fout rele koulangèt
Bezwen pa Grandèt
Toufe lespwa Sòyèt
Fout rele tonnèkraze
Fout rele koulangèt
Bezwen pa Grandèt
Toufe finalite Sòyèt
Fout rele tonnèkraze
Fout rele koulangèt
Bezwen pa Grandèt
Toufe mwayen Sòyèt
Fout rele tonnèkraze
Fout rele koulangèt
Bezwen pa Grandèt
Toufe mouvman Sòyèt
Fout rele tonnèkraze
Fout rele koulangèt
Bezwen pa Grandèt
Toufe bezwen Sòyèt
Fout rele tonnèkraze
Fout rele koulangèt.
Edner Saint Amour